Accessibility links

Breaking News

Nouvo Sanksyon Lèzetazini kont Otorite yo nan Peyi Nikaragwa


Manifestasyon anti-gouvènmantal nan Nikaragwa
Manifestasyon anti-gouvènmantal nan Nikaragwa

Lèzetazini pran desizyon, nan jounen jedi 7 jen 2018 la, pou l enpoze restriksyon viza sou manm lapolis ak lòt otorite nan pey Nikaragwa aprè dewoulman yon seri de zak vyolans ki koze lanmò plis pase 120 moun nan peyi santwo-ameriken an. Nan yon deklarasyon Depatman Deta a pibliye, li di:

<< Vyolans politik ke lapolis ak bandi k ap defann gouvènman an te komèt kont pèp nikaragweyen an -espesyalman kont etidyan inivèsite yo- montre aklè yo pa respekte dwamoun e se yon bagay ki pa aksektab. Otorite sa yo aji atravè tout peyi a san yo pa resevwa okenn pinisyon. >>

Edifis Depatmsn Deta ameriken an nan Washington, D.C.
Edifis Depatmsn Deta ameriken an nan Washington, D.C.

Depatman Deta a pa idantifye ofisyèl nikaragwayen li vize yo, menm jan li pa presize konbyen moun ki tonbe anba restriksyon yo. Sepandan otorite ameriken yo fè konnen sanksyon yo vize manm lapolis, otorite nan gouvènman lokal yo, plis omwen yon otorite nan Depatman Sante Piblik la nan Managwa, ak otorite k ap dirije vil Leòn, Esteli avèk Matagalpa. Finalman, Depatman Deta di manm fanmi ofisyèl sa yo kapab tonbe anba entèdiksyon pou yo antre Ozetazini.

XS
SM
MD
LG