WASHINGTON D.C. —
Nan Nikaragwa, Konsèy Elektoral Siprèm nan genyen jiska 25 novanm pou l konfime venkè eleksyon jeneral ki dewoule dimanch 7 novanm 2021 an. Sepandan, tout pwojeksyon prezante lidè an plas la, Daniel Ortega, kòm gayan eleksyon prezidansyel la, puiske rejim nan te mete prensipal lidè opozisyon an nan prizon anvan operasyon elektoral la. Depatman Deta ameriken an avèk kèk lòt gouvènman denonse vòt la sitou akoz absans opozisyon an nan konpetisyon an.
Klike sou video ki pi ba a pou plis detay avèk Lyonel Desmarattes.