Accessibility links

Breaking News

Nijerya: 11 Moun Mouri Nan yon Atak Prizon, 250 Prizonye Sove


Nigeria
Nigeria

Nan yon rapò ofisyèl prizon yo te bay, yo di gen omwen 11 moun ki mouri ak plis pase 250 prizonye ki sove nan yon atak ak zam dimanch nan prizon santral la nan Nijerya.

Francis Enobore, ki se youn nan pòtpawòl sekirite prizon an, fè konnen nèf prizonye, yon asayan ak yon gad te mouri lè mesye ame yo tap eseye pran kontwòl prizon an, e 262 prizonye te rive sove.

Pandan yon echanj kout zam avek responsab prizon an "Youn nan asayan te pèdi lavi li," otorite yo deklare.

Evadasyon prizon masiv fet souvan nan peyi Afrik yo, kote prizon yo souvan gen twòp moun epi pa gen ase fòs sekirite pou veye yo.

Nan moman atak la, prizon an te loje 1,060 prizonye.

Pòtpawòl Lapolis Eta Plateau a, Ubah Ogaba, te di ke nèf nan prizonye ki te sove yo te rive arete.

Mwa oktòb, plis pase 800 prizonye te sove nan yon prizon nan eta Oyo lè prizonye yo te pran kontwòl etablisman an.

Yo te rive mete plis pase mwatye nan yo anba kod kek jou apre ensidan an.

XS
SM
MD
LG