Accessibility links

Breaking News

Yon Seri Atak nan Nijerya fè 17 Mò


Temwen fè konnen nèg ame touye pou pi piti 17 moun nan nòdwes peyi Nijerya, e sa a se dènye nan yon seri atak kote moun ap pèdi lavi nan rejyon an.

Atak yo dewoule nan distri Mubi ki nan eta Adamawa, toupre ak fwontyè Nijerya pataje ak Kamewoun.

Yon jounalis nan zònn nan di Lavwadlamerik nèg ame enkoni te ouvè zam nan 3 kote nan distri a.

Nouvèl ki soti nan zònn nan fè konnen atak yo te vize moun nan gwoup etnik Igbo a.

XS
SM
MD
LG