Accessibility links

Breaking News

New Delhi Pare Pou 19èm Je Commonwealth yo


Oganizatè Je Commonwealth twouve yo nan yon mache prese e yo pwomèt travay pou yo ap fini disi mèkredi pou tout delegasyon enstale .

Se konsa travayè endyen ap travay san pran souf nan New Delhi, vil peyi End ki pral akeyi je sa yo. Travayè yo rive nan dènye etap konstriksyon, reparasyon ak netwayaj nan vilaj atlèt yo.

Oganizatè yo te resevwa gwo kritik pou pwoblèm nan vilaj la.

Lendi 27 septanm 2010 la genyen yon pakèt atlèt ak responsab --- plis pase 500 --- ki rive nan New Delhi e yo jwenn mwayen pou enstale yo. Sepandan gen lòt delegasyon ki te oblije al nan otèl an atandan travayè yo fini ak netwayaj e reparasyon yo.

Responsab yo bay garanti tout travay yo ap fen prè pou kou danvwa 19e je Commonwealth yo ki prevwa pou dimanch 3 oktòb la avèk gwo seremoni ouvèti a . E konpetisyon yo ap kòmanse lendi 4 oktòb.

Je Commonweath yo reyini meyè atlèt nan peyi Commonwealth yo ki pral patisipe nan dives disiplin, nan plizyè katogori nan stil jezolenmpik dete yo . 72 peyi ap patisipe nan 17 disiplin. Edisyon sa a ap dewoule nan New Delhi nan peyi End soti 3 pou rive 14 oktòb.

XS
SM
MD
LG