Accessibility links

Breaking News

Eske li Nesesè pou Moun Dezenfekte Espas an Plennè yo nan Kad Lit Kont Kowonaviris la?


Teknisyenn k ap netwaye e dezenfekte yon espas piblik pandan peryòd kowonaviris la
Teknisyenn k ap netwaye e dezenfekte yon espas piblik pandan peryòd kowonaviris la

Nan kad konsèy sou fason pou moun pwoteje tèt yo kont Kowonaviris, nap wè jodi a kesyon pou konnen èske responsab yo oblije netwaye e dezenfekte teren ann plennè yo, tankou teren rekreyasyon yon lekòl, yon plas piblik, oubyen yon pak nasyonal, pou anpeche moun trape maladi a?

An jeneral, espas an plennè yo bezwen yon netwayaj woutin sèlman; men yo pa bezwen dezenfekte. Si ou itilize pwodui dezenfektan pou w netwaye yon espas an plennè, se gaspiye w ap gaspiye pwodui a pou gran mèsi; paske pa gen kenn prèv ki montre si ou dezenfekte yon plas piblik, yon teren rekreyasyon, pa egzanp, w ap diminye risk pou piblik la trape KOVID-19.

Konsey espesyalis yo bay, se pou nou kontinye pratike woutin netwayaj ak prekosyon ijyenik nomal yo; pa egzanp, se nou pou netwaye regilyèman sifas an plastik oubyen an bwa ke moun touche souvan nan espas piblik yo. Men, yo pa fè rekòmandasyon pou nou dezenfekte sifas ak bwa, tankou materyèl pou timoun jwe, ban, tab, ak lòt bagay ki ekspoze an plennè nan lye piblik yo.

XS
SM
MD
LG