Accessibility links

Breaking News

Prekosyon kont Kowonaviris - Kisa ki Rele yon Netwayaj Woutin"?


Netwayaj nan yon estasyon tren nan yon katye nan Brooklyn, New York, nan jounen 7 me 2020 an.
Netwayaj nan yon estasyon tren nan yon katye nan Brooklyn, New York, nan jounen 7 me 2020 an.

Nan kad seri konsèy n ap bay sou fason pou moun pwoteje tèt yo kont pandemi kowonaviris la, jodi a nou pral wè kisa yo rele “yon netwayaj woutin”… Konbyen fwa nan yon peryòd tan done moun dwe netwaye yon kay, yon bilding oubyen yon biwo pou diminye risk pou li tounen yon sous posib pou pwopagasyon maladi kowonaviris bay la?

Yon “netwayaj woutin” se yon pratik kote yon biznis oubyen yon kominote metwaye chak jou yon espas kèlkonk pou pèmèt anviwonnman an toujou rete pwòp e san danje pou lasante. An jeneral, yon sifas ke anpil moun ap touche (tankou yon manch pòt, yon twalèt, yon sipò ou kenbe pou w monte yon eskalye oubyen yon otobis)… yo dwe lave yo avèk dlo e savon oubyen lòt pwodui lesiv omwen yon fwa pa jou, depi se yon kote moun ap antre sòti chak jou. Pa egzanp, nan lye piblik yo, kèk sifas oubyen objè (tankou yon charyo kote ou mete pwovizwa w achte nan makèt) se sifas ki dwe netwaye oubyen dezenfekte anvan ou itilize yo. ‘

Nap raple ke yon netwayaj wete pousyè-tè ak salte, san bliye mikwòb ki sou yon sifas. Men netwayaj sèlman pa touye mikwòb; sepandan li redui kantite mikwòb ki sou yon sifas.

XS
SM
MD
LG