Accessibility links

Breaking News

Nelson Mandela Ap Selebre 93èm Anivèsè Nesans li Lendi 18 Jiyè a


Nelson Mandela Ap Selebre 93èm Anivèsè Nesans li Lendi 18 Jiyè a
Nelson Mandela Ap Selebre 93èm Anivèsè Nesans li Lendi 18 Jiyè a

Premye prezidan nwa Afrik di Sid la, Nelson Mandela, ap selebre lendi 18 jiyè 2011 la 93èm anivèsè nesans li nan moman moun toupatou atravè lemond ap onore lavi li; pou sa, yo dispoze fè travay kominotè, travay sosyal gratis.

Nan lane 2009, Oganizasyon Nasyonzini te pran desizyon pou l deziye dat anivèsè ansyen prezidan sid-afriken an, 18 jiyè, kòm «Jounen Entènasyonal Nelson Mandela » avèk yon apèl Lèzetazini avèk 192 lòt manm L'ONU te lanse pou yoi mande moun pase 67 minit ap fè travay kominotè –chif 67 la reprezante kantite lane Misye Mandela te pase nan vi politik la. Nelson Mandala ap selebre 93èm anivèsè nesans li a avèk manm fanmi li nan vil Qunu, kote li te pran nesans nan Afrik di Sid.

Nan okazyon anivèsè sa a, prezidan ameriken an, Barack Obama, prezante felisitasyon n bay Misye Mandela. Nan yon deklarasyon La Mezon Blanch pibliye dimanch 17 jiyè 2011 la, Prezidan Obama pale pou l di li konsidere Misye Mandela: "Kòm yon senbòl pou tout kominote mondyal la e pou tout moun k ap lite pou demokrasi, jistis ak rekonsilyasyon."

Misye Obama fè ansyen prezidan sid-afriken an konpliman poutèt li konsakre vi li nan sèvis piblik. Premyè dam amerikèn nan, Michelle Obama, ak 2 piti-fi l yo, Sasha ak Malia, te rankontre Misye Mandela mwa pase a pandan yon vizit yo t ap fè nan Afrik di Sid.

XS
SM
MD
LG