Accessibility links

Breaking News

Negosyasyon Sou Pwogram Nikleyè Iran an


Pi gwo negosyatè peyi Iran pou kesyon nikleyè, Saeed Jalili, deja tanmen negosyasyon lendi 6 desanm 2010 la avèk chèf diplomasi peyi manm Inyon Ewòp la nan vil Jenèv, kote y ap diskite sou pwogram nikleyè iranyen an ki pwovoke gwo pawòl anpil.

An fas misye Jalili, genyen tou diplomat Lèzetazini, Larisi, Lachinn, La Grand Bretay, Lafrans ak Lalmay. Negosyasyon sa yo –k ap dire 2 jou- bay delege yo premye okazyon pou yo rankontre nan plis pase yon lane.

Obsèvatè yo pa mete twòp espwa nan chita-tande sa yo, paske espesyalis yo panse pi gwo rezilta yo kapab bay, se pèmèt plis negosyasyon fèt. Rankont yo tanmen yon jou apre chèf pwogram enèji atomik Iran an, Ali Akbar Salehi, te anonse peyi li kapab pwodui poukont li gaz li bezwen pou l fabrike enèji nikleyè, apre li fin pwodui yon tip de iranyòm konsantre.

XS
SM
MD
LG