NDI (Enstiti Demokratik Nasyonal), yon òganizasyon ki baze nan Washington, te mete sou pye nan wikenn nan yon rankont brase-lide nan vil Hench, nan Plato Santral la, ak lidè plizyè òganizasyon politik sou fason pou yo jere pwoblèm ki ka poze rejyon yo.
Klike sou flèch ki anlè atik la pou w koute repòtaj korespondan nou Josué Joseph ki devlope nouvèl sa a ki kòmanse repòtaj nou sou aktyalite a nan vil pwovens yo.