Nasyonzini lanse apèl bay otorite Ayisyen yo pou yo mennen ankèt sou asasina 2 jounalis Ayisyen ki tap fè repotaj sou zak vyolans gang yo. "Nazyonzuni mande otorite ayisyen yo ankete krim sa yo e asire responsab yo fè fas ak la jistis," L'ONU di nan yon deklarasyon an Franse li voye bay laprès pa email.
Amady John Wesley ak Wilguens Louis-Saint tap fè repotaj nan Laboule 12, yon banlye kapital la, Potoprens ki sitye nan montay nan moman gang ki tap goumen nan zon sa a te tire e touye yo.
"Travay jounalis yo endispansab pou garanti dwa fondamantal libète ekspresyon ak libète enfomasyon pou tout moun," Nasyonzini deklare. "Sistèm Nasyonzini an egzote otorite yo pou yo garanti libète sa yo epi mande sistèm jidisyè a mete fen nan enpinite pou krim kap komèt kont jounalis yo ann Ayiti."