Accessibility links

Breaking News

Navèt Discovery ap Retounen sou Latè


Navèt espasyal Discovery
Navèt espasyal Discovery

Navèt spasyal ameriken Discovery, ki gen 6 manm ekipaj abò l (5 gason ak yon fi) gen pou l ateri nan sant espasyal Kennedy a nan eta Florid mèkredi- 9 mas 2011 la apre plis pase yon semèn nan lespas, kote li te kole pandan yon bon tan ak estasyon entènasyonal la.

Navèt la mete fen nan 39èm e dènye misyon n nan lespas kote li te transpòte yon robo ak yon depo pwovizyon ak materyèl ki atache kounyela a ak stasyon espasyal la.

Apre retou Discovery sou latè, La Naza pral ekspoze navèt la nan Muze Enstiti Nasyonal Ayerononik SmithSonian nan, ki tou prè katye-jeneral Lavwadlamerik, isit Washington.

XS
SM
MD
LG