Accessibility links

Breaking News

Nasyonzini Mande Asistans Pou Sinistre yo Nan Pakistan


Nasyonzini Mande Asistans Pou Sinistre yo Nan Pakistan
Nasyonzini Mande Asistans Pou Sinistre yo Nan Pakistan

Nasyonzini ap lanse yon apèl dijans pou l mande 460 milyon dola asistans pou ede Pakistan fè fas a dezas inondasyon ki gen move konsekans sou lavi plis ke 14 milyon moun.

Oganizasyon Mondyal la di mèkredi 11 out la, asistans sa a pral fè ajans l’ONU ak Oganizasyon Non Gouvènmantal yo bay gouvènman Pakistanè a apui ki nesesè pou l fè fas a bezwen viktim inondasyon yo.

L’ONU di apati donatè enténasyonal yo bay Pakistan (ou pwomèt pou yo bay peyi sa a) yon kontribisyon ki monte rive 129 milyon dola. Nasyonzini ajoute li nesesè pou yo akselere operasyon sekou-yo seriezman pou pèmèt 6 a 7 milyon sinistre Pakistanè jwenn abri , manje, dlo ak swen medikal.

XS
SM
MD
LG