Accessibility links

Breaking News

Nasyonzini ap Cheche Yon Rezolisyon Konpwomi sou Sitiyasyon an nan Siri


Manifestan k ap pwoteste nan Siri
Manifestan k ap pwoteste nan Siri

Konsèy Sekirite Nasyonzini an ap anvizaje posibilite yon rezolisyon konpwomi pou Siri, pou evite yo enpoze sanksyon tou suit sou peyi sa a, men li kondane vyolans k ap vale teren lòt-bò a nan moman lese-frape ap kontinye ant fòs sekirite gouvènman an ak sòlda disidan yo.

Konsèy Sekirite a ki gen 15 manb te reyini pou diskite sou tèks rezolisyon sou kriz Siri a, yon dokiman ke pwisans Ewopeyen yo ak Larusi te prepare.

La Frans, la Grand Bretay, Almay ak Portugal pwopoze yon nouvo rezolisyon kote yo kite tonbe demand pou enpoze sanksyon tou suit sou Siri a, men yo menase pou yo aji kont prezidan Bashar al-Assad si li pa mete fen nan operasyon sere-boulon li lanse kont manifestan ki pa dakò ak gouvènman ni an, yon operasyon ki fè anpil san koule nan peyi sa a.

XS
SM
MD
LG