Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini an Dèy. Ansyèn Premyè Dam Nancy Reagan Mouri. Li Te Gen 94 Zan.


Ansyèn Premyè Dam Lèzetazini Nancy Reagan ki tap souri pandan li tap pase devan yon gwoup fotograf aprè Gouvènè Eta Tegzas George W. Bush te fè premye gwo diskou li sou politik etranjè nan Bibliyotèk Ronald Reagan nan, nan Simi Valley, Eta Kalifòni.
Ansyèn Premyè Dam Lèzetazini Nancy Reagan ki tap souri pandan li tap pase devan yon gwoup fotograf aprè Gouvènè Eta Tegzas George W. Bush te fè premye gwo diskou li sou politik etranjè nan Bibliyotèk Ronald Reagan nan, nan Simi Valley, Eta Kalifòni.

Ansyèn Premyè Dam Lèzetazini, Nancy Reagan -madam defen prezidan Ronald Reagan- mouri dimanch 6 mas 2016 la nan Eta Kalifòni. Li te genyen 94 zan. Bibliyotèk Reagan nan -ki fè anons la nan kòmansman jounen an-- fè konnen Madam Reagan sikonbe anba yon defayans kadyak.

Ozetazini kòm aletranje, yo konsidere Nancy Reagan kom youn nan Premyè Dam amerikèn ki gen plis enfliyans nan tout istwa peyi a. Mari li, Ronald Reagan, sete 40èm prezidan Lèzetazini; li te dirije peyi a ant 1980 e 1988. Li te mouri an 2004 anba maladi Alzheimer.

Defen Prezidan Ronald Reagan ak Madam li, Nancy Reagan.
Defen Prezidan Ronald Reagan ak Madam li, Nancy Reagan.

Koup la te rankontre nan Hollywood kote yo tou lè 2 tap travay kòm aktè; e yo te marye an 1952. Yo te parèt nan yon film ansanm e se te dènye film yo tou. Wòl Nancy Reagan ta pral chanje aprè mari a te ranpòte eleksyon kòm gouvènè Eta Kalifòni an 1967. Li te enplike anpil nan yon pwogram kote Leta ede gran-papa oubyen grann kap okipe pitit-pitit yo. Pi ta, lè l te vin Premyè Dam Lèzetazini, li ta pral lanse yon kanpay pou ede jèn Ameriken yo konbat fleo ki rele dwòg la. Tit kanpay sa a se: "Just Say No" - oubyen : "Di non tou senpleman."

Youn nan pi bon zanmi fanmi an, ansyen Sekretè Deta James Baker -ki te travay tou kòm chèf pèsonèl La Mezon Blanch- pale dimanch sou antèn chèn televizyon NBC pou l di kisa Nancy Reagan te ye pou prezidan Ronald Reagan. Misye Baker deklare:

“An plis di fèt ke yo te bati yon istwa d'amou ki te ba yo anpil plezi, Nancy sete konseye ki te pi pwòch li. Epitou li te pou Ronald Reagan yon moun ki tap pwoteje l tout tan. Nancy te gen bon jan antèn kominikasyon pèsonèl li. Konsa, nan La Mezon Blanch, li te konnen kilès ki tap sèvi prezidan an sensèman e kilès ki tap defann pwòp enterè yo.”

Sous ki pwòch fanmi an fè konnen yo pral antere Madam Reagan tou prè mari li nan Bibliyotèk Presidansyèl Ronald Reagan nan, nan Simi Valley, Eta kalifòni.

XS
SM
MD
LG