Accessibility links

Breaking News

Nan Texas, 14 Timoun Mouri nan yon Fiziyad Ki Fèt nan Yon Lekòl


Lapolis mache tou pre lekol prime Robb Elementary School apre yon fiziyad nan Texas, 24 Me, 2022.
Lapolis mache tou pre lekol prime Robb Elementary School apre yon fiziyad nan Texas, 24 Me, 2022.

Yon tinedjè 18 an louvri koutzam sou yon lekòl primè nan Texas kote li touye 14 elèv ak yon pwofesè.

Gouvènè Greg Abbott deklare bandi a mouri. Se fiziyad ki pi grav ki dewoule nan yon lekòl primè ameriken depi plis pase 10 zan. Sa gen yon dizèndane yon bandi ak zam te vize elèv lekòl Sandy Hook yo nan vil Newton, Eta Connecticut.

15 Moun Mouri nan yon Fiziyad ki Vize yon Lekol Primè nan Texas
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:46 0:00

Abbott di bandi a te antre nan lekòl ki rele Robb Elementary School, nan vil Uvaldem ak yon pistolè e petèt yon fizi tou.

Responsab yo pa di poukisa misye komèt zak sa a; men Abbott idantifye sispèk la kòm Salvador Ramos. Li di Ramos te abite nan kominote San Antonio, ki sitye sou yon distans 136 km a lwès Uvalde kote lekòl la sitye a.

XS
SM
MD
LG