Accessibility links

Breaking News

Yingluck Shinawatra Tounen Premye Fanm k ap Okipe Plas Premye Minis la nan Tayland


Yingluck Shinawatra tounen premye fanm k ap okipe plas Premye Minis la
Yingluck Shinawatra tounen premye fanm k ap okipe plas Premye Minis la

Nan Tayland, yon novis nan afè politik, Yingluck Shinawatra, fè konnen li fòme yon kowalisyon avèk 4 ti pati, yon mouvman ki vin ogmante majorite li genyen nan palman an yon jou aprè pèp la te vote pou fè l tounen premye fanm k ap okipe plas Premye Minis peyi a.

Daprè otorite yo nan komisyon elektoral la, pati Miss Mingluck la --ki rele Pati Puea taylandè-a-- ranpòte 265 syèj sou 500 ki genyen nan palman an, aprè eleksyon lejislatif ki dewoule dimanch 3 jiyè 2011 la.

Lè w ajoute sou chif sa a kantite syèj 4 lòt ti pati yo resevwa, sa bay nouvo Premye Minis la yon total 299 plas nan palman an, yon bagay ki elimine tout posiblite pou opozisyon an pa ta renkonèt majorite nouvo gouvènman an pral genyen an.

XS
SM
MD
LG