Accessibility links

Breaking News

Siri : Operasyon Sere-boulon kont Militan yo ap Kontinye


Manifestan ap chante slogan
Manifestan ap chante slogan

Nan Siri, militan k ap defann dwa-moun yo fè konnen fòs sekirite yo kontinye yon mouvman sere-boulon lendi 9 me a nan vil Homs, nan sant peyi a, kote moun te ka tande kout-zam ki t ap pati nannuit la, e sòlda yo fè fouy de pòt-an-pòt nan plizyè katye.

Obsèvatè yo konstate prezans gwo machin blende ak tank nan vil la kote nouvèl yo fè konnen sòlda yo touye 14 moun dimanch 8 me a pami yo genyen yon jèn ti gason.

XS
SM
MD
LG