Accessibility links

Breaking News

Nan Sao Paulo, Surfing ap Vin de Plizanpli Popilè


Rayana Tanimoto aprann pitit fi li yo Eloa ak Ayla kijan pou yo fe surfing sou plaj Maresias la nan Sao Sebastiao, Brezil, Samdi 27 Nov. 2021.
Rayana Tanimoto aprann pitit fi li yo Eloa ak Ayla kijan pou yo fe surfing sou plaj Maresias la nan Sao Sebastiao, Brezil, Samdi 27 Nov. 2021.

Kòt Sao Paulo a nan peyi Brezil finn tounen yon veritab episant surfing nan kèk ane sèlman.

Chanpyonn lokal Gabriel Medina ranpote 3 tit mondyal e sa atire fanatik surfing ki soti toupatou pou yo vinn nan zòn sa a, ki te gen plis renome pou kay bon mache ke bèl plaj Maresias li a.

Klas surfing yo ak magazen ki gen akoutreman moun bezwen pou fè spò sa a, ap boujonnen nan vil la, ki gen 90,000 abitan.

Gen lòt kote sou kòt la, tankou pa egzanp Ubatuba kote konpetitè ki pi granmoun te jwenn siksè sa gen plizyè zane. Kounyea yo popilè ak admiratè surfing yo.

XS
SM
MD
LG