Accessibility links

Breaking News

Nan Paris, Pwose 20 Prezime Konplis Atak 2015 la Ouvri


Fos sekirite la Frans ap veye antre Pale Jistis la Mekredi 8 Sept. 2021 nan Paris.
Fos sekirite la Frans ap veye antre Pale Jistis la Mekredi 8 Sept. 2021 nan Paris.

Pwose 20 moun otorite yo akize kom konplote yon seri atak kowodone nan vil Paris an 2015 e ki simen la tere toupatou ann Euwop louvri jodia. Pwose a ap dewoule nan yon konpleks ki konstwi espesyalman pou sa nan yon tribunal ki date de 13e syek la.

9 bandi ak zam Eta Islamik la ak teworis ki te gen bonb tache sou ko yo te frape nan yon espas kek minut youn apre lot nan dives lye vil Paris 13 Novanm 2015. 130 moun mouri nan atak sa yo. Sete atak pi grav ki fet sou teritwa franse depi Dezyem Ge Mondyal la, e youn pami atak teworis pi fewos mond Oksidantal la janm konstate.

Sel atakan ki vivan toujou se akize prensipal la. Salah Abdeslam derefize pale ak ankete yo jiskaprezan. Abdeslam te paret nan tribinal la Mekredi ak yon mayo manch kout nwa epi pantalon nwa a soti.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG