Accessibility links

Breaking News

Nan Okazyon Jounen Mondyal SIDA a L’ONU Pibliye yon Rapò sou Pwogrè ki Fèt nan Lit kont Epidemi an


Nan okazyon Jounen Mondyal SIDA a, jedi premye desanm 2011 la, Nasyon Zini pibliye yon rapò ki fè konnen lemond fè “pwogrè ekstrawòdinè“ nan 12 mwa ki pase yo nan lit kont SIDA ak viris V-I-H ki bay maladi a; men pi gwo efò gen pou fèt toujou pou mete fen nan epidemi sa a ki gaye tou patou atravè lemond.

Se Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) ki pepare rapò a ki soti mèkredi 30 novanm nan; daprè dokiman an, kantite nouvo ka moun ki enfekte ak viris V-I-H-la sibi yon bès 15%nan 10 ane ki pase yo. Dapre rapò a toujou, genyen yon bès 22% nan kantite moun ki mouri akoz maladi a nan 5 denye ane yo.

Sekretè Jeneral Nasyon Zini an, Ban Ki-Moon, bò kote pa l, deklare lemond finalman twouve l nan yon pozisyon pou mete fen nan epidemi-an ; men li egzòte donatè entènasyonal yo pou bay 24 milya dola, swa kontribisyon ki nesesè chak ane pou reyalzie pwogram entènasyonal k kore lit mondyal ont SIDA a.

Rapò a di, pandan ane 2010 la, te gen yon bès preske yon milya dola nan lajan ki apiye pwogram nasyonal e entènasyonal ki finanse lit kont epidemi an atavè lemond –kidonk, yon milya dola te soti nan finansman gouvènman ak gwoup imanitè yo abitye bay pou kanpay anti-SIDA a.

Pou yon kout je sou sitiyasyon an ann Ayiti, sou pwogrè ki fèt e ak sa ki rete pou fèt nan lit kont epidemi SIDA nan peyi a, nou envite w koute Doktè Gabriel Timothée, direktè jeneral nan Depatman Sante Piblik ak Polpilasyon peyi d Ayiti.

Doktè Timothée te youn nan envite pwogram lib tribin VOA, Dyaloge avèk Etazini, mèkredi 30 novanm 2011 la.

Klike sou lyen ki nan kòmansman atik la pou w koutedeklarasyon Dr. Timothée.

XS
SM
MD
LG