Accessibility links

Breaking News

Nan Nouyòk, Yon Nouvo Pèspektiv sou Atis-Pent Jean Michel Basquiat Gras ak Sè li yo


Foto Achiv: Tablo atis Jean-Michel Basquiat ki rele "Versus Medici" nan Nouyok, 3 Me 2021.
Foto Achiv: Tablo atis Jean-Michel Basquiat ki rele "Versus Medici" nan Nouyok, 3 Me 2021.

Yon nouvo ekspozisyon rann omaj a atis pent renome Ayisyen Jean-Michel Basquiat.

Pyès d'ar Basquiat yo ateri nan koleksyon ar prive vedèt tankou Yoko Ono ak David Bowie men sè atis la te kwè piblik la pat konn ase sou vi pèsonèl misye ki te mouri a laj de 27 an an 1988.

ak Lisane Basquiat - Sè atis Jean-Michel Basquiat

"Paran nou pèdi yon pitit e nou pèdi frè nou. Te gen yon gwo vid nan fanmi an akoz de sa. Donk absoliman nou tap kontan genyen Jean-Michel avek nou la a," Lisane Basquiat, sè atis la esplike.

"Gen yon pakèt bagay ki pase depi li mouri ke mwen kwè li tap kontan konnen e wè. Men ou konnen mwen kwè ke pwobableman kote li ye a li o kouran e mwen espere li resanti lanmou nou mete nan pwojè sa a," Jeanine Heriveaux, sè atis la deklare.

Yon Nouvo Ekspozisyon Banou yon Pèspektiv pi Pèsonèl de Atis Pent d'Orijin Ayisyèn Jean-Michel Basquiat
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:18 0:00

Ekspozisyon Jean-Michel Basquiat: Wa Plezi a gen ladann 200 pyès d'ar ke piblik la poko janm wè. Ladann gen film fanmi an, yon kanè lekol lè yo tap vivi Potoriko, salon kay yo lè yo te timoun epi stidyo atis la.

Youn nan bagay ki diferan ak ekspozisyon sa a se ke li mete atis la an konteks depi pèspektiv moun ki konnen li byen.

"Nou travay sou tout ti detay yo. E tout se bagay ki te enspire Jean-Michel, mizik nou te koute lè nou te timoun. Film nou te konn gade. Pwogram televizyon nou te swiv Samdi maten - tout sa fè pati ekspozisyon sa a e gan anpil bagay ki se pyès orijinal. Donk gen mèb orijinal kay afans nou, vesèl yo, Amwa a, videyo VHS li te gen nan stidyo li, liv ki te sèvi kom resous pou li. Nou gen kèk rad. Tout bagay ki la pèmèt yon spektatè wè kiyès Jean Michel te ye antanke kretyen vivan ak gason," Jeanine Heriveaux esplike.

Papa atis la, Gerard, ki se moun Potoprens, e ki mouri an 2013 te jere byen li yo e efè pèsonèl atis la yo te konsève nan yon depo. Te gen ekspozisyon travay Basquiat anvan sa, men kounyea se premye fwa fanmi an ap oganize yon ekspozisyon. Sè atis la yo, Jeanine ak Lisane di se bèl-mè yo ki te ankouraje yo pataje pyès d'ar sa yo ak mond lan.

Sè yo di yo poko janm travay sou yon gwo pwojè konsa. Yo te komanse oganize pyès d'ar yo an 2017. Yo espere ekspozisyon an va sèvi kom enpirasyon ak konpreyansyon pou moun ki vinn we'l.

:"Jean Michael te toujou la. OU konnen li te gen anpil siksè anvan lanmo li, e apre lanmo li, mwen kwè kounyea se bon moman an pou montre paralèl ant vwa yo ak istwa moun rankonte sou li ak sa lap di nan tablo li yo. Malerezman konvèsasyon sa a ap kontinye, men nou espere moun va konprann kijan moun nwa viv chak jou. E si yo gade travay Jean Michel yap wè ke se yon chimen chaje ak bote," Jeanine Heriveaux deklare.

Pou wè ekspozisyon nan Nouyok, an fok ou achte yon biyè d'avans. Dire ekspozisyon an pral depann de enterè piblik la.

XS
SM
MD
LG