Nan Kolonbi, otorite yo fè konnen rebèl yo ki te anonse plan pou yo libere 3 otaj dimanch 13 fevriye 2011 la, libere yon grenn sèlman.
Daprè menm sous la, gwoup guerrilla ki rele FARC la (oubyen Fòs Zame Revolisyonè Kolonbi a) lage ajan d polis Carlos Ocampo, ke yo te kidnape depi nan mwa desanm pase a.
Sepandan, 2 lòt otaj yo (an palan de majò lapolis Guillermo Solorzano avèk kaporal lame Salin San-miguel) toujou rete naba men rebèl yo.