Accessibility links

Breaking News

Nan Endonezi Vòlkan Merapi a Antre Ann Eripsyon Ankò


Nan Endonezi Vòlkan Merapi a Antre Ann Eripsyon Ankò
Nan Endonezi Vòlkan Merapi a Antre Ann Eripsyon Ankò

Responsab endonezyen nan jesyon dezas ap debouye yo kou mèt jan jak pou pote èd bay viktim sounami, nan moman vòlkan ki pi aktif nan Endonezi a kontinye ap vomi gaz cho ak sann dife.

Nan sant zile Java a, vòlkan Mont Merapi a, ki deja touye 13 moun e fòse plis pase 40 mil moun kouri kite kay yo antre an eripsyon vandredi 29 oktòb 2010 la, byen ke otorite yo pa rapòte okenn viktim fwa sa a.

Aktivite vòlkanik mete ak sounami ki te fèt lendi pase sou zile Mentawai lakoz bilan moun ki mouri nan 2 dezas yo monte rive nan plis pase 400 viktim.

Responsab endonezyen kòmanse ap pèdi espwa nan tantativ pou jwenn plizyè santèn rezidan ki disparèt jiskaprezan.

XS
SM
MD
LG