Accessibility links

Breaking News

Nan Chili, Legliz Katolik Womèn nan Mande Gras Pou Prizyonye Militè Chileyen yo


−Nan peyi Chili, lidè Legliz Katolik Womèn mande prezidan Sebastian Pinera gras pou militè ki nan prison pou krim yo ta komèt pandan diktati Jeneral Augusto Pinochet a --- yon demand ki jwen yon repons rapid e ostil nan men fanmi viktim yo.

Prezidan Konferans Episkopal la, monseyè Alejandro Goic, fè komantè sou plan sa a ki al jwenn prezidan Pinera mèkredi 21 jiyè a. Plan sa a reprezante yon apèl pou klemans nan moman Chili pral kòmanse selebrasyon bisantnè peyi a.

Plan sa a mande gras pou militè ki te komèt abi dwa zimen pandan diktati Jeneral Augusto Pinochet soti 1973 pou rive 1990 san bliye lòt kriminèl ki nan prison pou lòt kòz. Prezidan Pinera ki ap eseye pran distans li pa rapò ak eritaj Pinochet gen pou l pran yon desizyon sou plan legliz katolik la.

Moun te ka wè fanmi viktim yo devan palè nasyonal la ak foto fanmi yo ki mouri ou disparèt pou pwoteste kont mouvman legliz katolik la. Opozisyon “centre gauche” la kritike tou plan an.

−Konsèy pèmanan Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) ap òganize jedi 22 jiyè a yon sesyon spesyal pou l diskite sou akizasyon Kolonbi fè komkwa lidè “hors la loi “ gwoup rebèl gochis yo ta kache nan peyi Venezuela , yon peyi vwazen.

Kolonbi te fè demand la semèn ki sot pase la a apre Venezuela te raple ambasadè li te genyen nan Bogota pou pwoteste kont akizasyon ki di gen 4 lidè FARC ak yon lidè ELN ki twouve yo o Venezuela.

Ministè afè etranjè venezuelyen an rejte akizasyon Bogota yo ke l konsidere kòm yon lòt tantive prezidan kolonbyen an Alvaro Uribe pou l detrui relasyon ant 2 peyi yo.

Ministè a akize Kolonbi pou “mansonj, agresyon e mank respè” kont Venezuela e li anonse Venezuela pral pran mezi diplomatik e politik fèm si sitiasyon sa a pèsiste.

−Yon komisyon nan Nasyon Zini fè pwojeksyon pou di aktivite ekonomik nan Amerik Latinn ak Karayib la pral ogmante de 5,2% ane sa a ---sa ki konfime ke ekonomi an sou wout pou l rekanpe sou 2 pye l.

Komisyon Ekonomik pou Amerik Latinn ak Karayib la pibliye evaliasyon sa a mèkredi 21 jiyè kote li endike ke kwasans la nan rejyon an t ap fè pwogrè depi ane pase.

Menm jou mèkredi a, Prezidan ajanten nan, Cristina Fernandez, de Kirchner siyen yon lwa ki fè Arantinn tounen premye peyi nan rejyon Amerik di Sid la ki legalize maryaj omoseksyèl. Prezidan Fernandez siyen lwa a kèlke jou apre Sena a finn vote l apre yon deba ki te dire 15 zan.

XS
SM
MD
LG