Accessibility links

Breaking News

Nan Burkina Faso Yon Lekòl Espesyal Pou Mari yo


Nan Burkina Faso, Yon Lekòl pou Aprann Mesye yo Vinn Pi Bon Mari
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:51 0:00

Nan Burkina Faso, Yon Lekòl pou Aprann Mesye yo Vinn Pi Bon Mari

Nan sosyete gason domine tankou peyi Burkina Faso, se medam yo ke yo konn blame lè maryaj yo gen pwoblèm. Men yon pwojè Bank Mondyal finanse ap teste konsepsyon sa a e lap aprann mesye yo kijan yo ka pi bon mari. Nou pral lekòl ak mesye sa yo.

Yon maryaj ki gen siksè pa fasil, men inisyativ yon gwoup kap ede medam yo avanse nan Burkina Faso vize rann travay sa a pi fasil.

Yeli Ouigo ki marye ak Kwama Zoupoka te asiste "Lekòl pou Mari yo" pou li te ka vinn yon pi bon mari.

"Anvan mwen te patisipe nan klas la, lavi nou antanke koup pat fasil. Mwen te konn kwe madanm ak mari pat gen anpil bagay an komen anski konsene lavi fanmi an. Apre klas la, nou finn pa konpran youn ka ede lot," li deklare.

Nan Burkina Faso se mesye yo ki domine sosyete a, men lekol mari yo sevi ak dives teknik pami yo jwe wol - pou ede mesye yo konprann pi byen bezwen madanm yo ak kijan pou yo reponn bezwen sa yo. Pa egzanp ede yo fe menaj.

Yo aprann mesye yo tou ki dwa medam yo fet pou jwi, plannin familyal, sante, ijen epi yo ankouraje yo enkli medam yo nan desizyon familyal.

Kowodonate pwoje a di klas yo fe yon gwo diferans pou medam yo nan kominote a.

Malgre se premye lekol konsa ki egziste nan Burkina Faso, peyi tankou Afrik di Sid ak Nije lanse menm tip pwoje a lakay yo. Nasyonzuni di sa ede redui zak vyolans pami koup yo.

"Le yon moun rekonet tou 2 seks yo egal ego se pa selman yon kestyon fanm ak tifi savledi tout moun," Edward Wageni, direkte inisyativ Nasyonzini HeForShe deklare.

NARR: Mesye yo ak ti gason ladann.

Le nou mande si lekol pou mari yo taka benefisye peyi andeyo l'Afrik men sa Wageni di nou.

“Eben se yon bon ide ke nou ka kopye pou lot peyi menm sa yo ki kwe gen egalite ant 2 seks yo lakay yo," Wageni di.

Pandansetan, Zoupoka di lekol la fe mari li ede plis lakay li e li pi janti ave'l.

“Lanmou ki egziste ant mari'm ave'm ap grandi. Kounyea mari'm al nan mache, li pote ti kado poumwen, li pat konn fe sa anvan. Donk mwen tre tre satisfe," Kwama deklare.

Kowodonate nasyonal pwoje lekol pou mari a di se yon gwo sikse e ke yap lanse'l nan lot rejyon peyi a. Dezyem faz la pwograme pou pi ta ane sa a.

XS
SM
MD
LG