Accessibility links

Breaking News

Nan Bronx, Fineray Viktim Dife Soulve Anpil Chagren nan Kominote a


Sekey pou fineray viktim yon dife ki pete nan yon bilding nan Bronx, nan Nouyok, 16 Janvye, 2022.
Sekey pou fineray viktim yon dife ki pete nan yon bilding nan Bronx, nan Nouyok, 16 Janvye, 2022.

Kominote Bronx la nan Nouyòk ap rann yon dènye omaj ak viktim yon gwo dife ki pran nan yon bilding e ki touye 17 moun pami yo 6 timoun.

Pi bonè nan semenn nan, te gen fineray 2 timoun nan yon moske nan katye Harlem nan. Fineray an mas nan Sant Kiltirèl Islamik la mete fen nan yon semen lapriyè ak dèy nan kominote sa a ki sere anpil, e ki gen koneksyon ak peyi Afrik de lwès ki rele Ganbi a.

Tout moun ki mouri yo te pèdi konesans apre lafimen te anvayi bilding nan pandan yo tap eseye desann eskalye pou sote. Bilding nan gen 19 etaj.

Responsab yo di se yon chofaj ki pat byen fonksyone ki te koze dife sa a.

XS
SM
MD
LG