Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Palman an ap Pare pou L Repran Seyans Asanble Nasyonal la


Lidè palman ayisyen an ap chache yon antant sou yon dat pou yo kontinye seyans ann asanble nasyonal ki te kòmanse madi 28 jen an e ki te sispann apre gwoup palmantè minoritè a te abandone seyans la. Gwoup sa a te fè yon seri egzijans --tankou, pa egzanp, privilèj pou yo chwazi moun kap okipe kèk pòs ministeryèl ak lòt pozisyon nan administrasyon piblik la-- avan pou yo apwouve yon fèy de wout.

Nouvèl Ayiti pou jedii 30 jen 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:44 0:00
Direct link

Sou menm kesyon an, medya yo ann Ayiti site yon nòt Kò Gwoup la pibliye sou sitiyasyon an nan peyi a. Nap raple gwoup la gen ladan n reprezantan Nasyonzini ann Ayiti, anbasadè Brezil, Kanada, Espay, Lafrans, Etazini, Inyon Ewòp la ak reprezantan espesyal Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA). Nan nòt sa a, Kò Gwoup la deplore enkapasite palman an pou l egzèse responsabilite li dapre Atik 7 Akò 5 Fevriye 2016 la sou avni Prezidan Jocelerme Privert. Li konseye palmantè yo reprann san reta seyans 28 jen an pou yo mete fen nan gwo dout kap plane sou avni imedya peyi a depi 14 jen 2016 la, dat kote misyon Prezidan Privert te fini, selon Akò 5 Fevriye a epi pèmèt pwosesis elektoral la kontinye.

Yon lòt kote, kowòdonatè pati Repons Peyizan an, Fednel Monchery, di li konsidere kòm "yon seyans istorik" asanble nasyonal ki te dewoule nan palman madi 28 jen 2016 la. Misye Monchéry -ki se yon Alye PHTK (Pati Ayisyen Tèt Kale)-- kwè gwoup palmantè minoritè yo te afiche yon konpòtman korèk e responsab lè yo te deside abandone seyans la.

Ansyen kandida pou pòs prezidan, Mèt Andre Michel, bò kote pa l, konsidere kòm "yon desepsyon" atitid gwoup minoritè sena repiblik la ki bloke seyans asanble nasyonal la. Yon lòt kote, Mèt René Julien, dirijan "Amicale des Juristes" di li pa etone devan sitiyasyon ki dewoule nan palman ayisyen an nan nuit madi 28 pou louvri mèkredi 29 jen 2016 la. Misye Julien deklare fason ki pi bon pou kriz la rezoud, se pou prezidan pwovizwa a, Jocelerme Privert, bay demisyon n.

Anfen, yon lidè relijyon vodou a nan Boston, Eta Massachusetts, Ozetazini, mande otorite konsène yo ann Ayiti pran tout dispozisyon pou yo konbat ensekerite a ki kontinye ap fè plis viktim chak jou. Lidè vodouyizan sa a, Neyité Décimus, envite kèk ansyen dirijan ayisyen -tankou ansyen Prezidan Jean Bertand Aristide, Henri Namphy ak Prosper Avril-- pote kontribisyon yo nan efò kap fèt pou konbat ensekirite a.

XS
SM
MD
LG