Asosyasyon Nasyonal pou Avansman Nwa, ki gen sigle NAACP, ap fè pwosè kont Depatman Sekirite Enteryè Etazini an poutèt desizyon li pran pou mete fen nan pwogram TPS la pou anviwon 60 mil ayisyen, yon pwogram ki bay benefisyè yo otorizasyon travay e ki pwoteje yo kont depòtasyon.
Fon pou defans legal ak edukasyon gwoup dwa sivik la lanse pousuit jidisyè a mèkredi 24 janvye 2018 nan yon tribinal premyè enstans eta Maryland, dapre sa jounal Miami Herald rapòte nan jounen mèkredi a. Jounal la fè konnen gwoup dwa sivik pou avansman moun nwa yo presize desizyon pou mete fen nan statu pwoteksyon tanporè a pou Ayiti an jiyè 2019, se yon desizyon ki pa rasyonèl e ki chita sou diskriminasyon.
Aksyon an jistis yo pote devan tribinal premyè enstans la nan non NAACP ak manm ayisyen li yo fè konprann depatman sekirite enteryè Etazini an pat respekte pwosesis priz desizyon nòmal li a, yon fason pou detèmine si wi ou non ayisyen yo ta dwe kontinye resevwa pwoteksyon imanitè e, nan sans sa a, yo anpeche ayisyen yo egzèse dwa konstitisyon an bayo pou benefisye garanti jidisyè nan yon pwosè egal ego, dapre jounal Miami Herald toujou.
Ansyen minis depatman sekirite enteryè pwovizwa Etazini an, Elaine Duke, te pran desizyon sa a nan mwa novanm pase. Depatman sekirite enteryè a, madam Duke ak nouvo minis depatman-an Kirtsjen Nielsen figire sou lis akize nan aksyon an jistis la, Dapre sa jounal Miami Herald rapòte. Pousuit judisyè a lonje dwèt tou sou sa NAACP konsidere kòm zak ostilite piblik Prezidan Donald Trump poze vizavi imigran koulè nwa. Bò kote pa'l, pòtpawòl depatman sekirite enteryè Tyler Q. Houlton di depatman an pa vle fè deklarasyon sou yon kontansyeu la jistis poko rezoud.
Pandan Prezidan Trump tap diskite sou dosye imigrasyon an ak yon ti gwoup palmantè nan kòmansman mwa sa a, li te mande pou ki rezon yo dwe mete ayisyen nan antant la. Poukisa nou vle moun ki soti Ayiti nan peyi a (kidonk Ozetazuni) ? dapre nouvèl yo, se kesyon sa a prezidan ameriken an te poze. Senatè Demokrat eta Illinois Richard Durbin, ki tap patisipe nan rankont sou imigrasyon a, rapòte mesye Trump dekri Ayiti, Salvadò ak peyi afriken yo kòm twou malpwòpte. Nan yon mesaj lidè ameriken te mete sou kont Twitter li apre ensidan an, li rejte pawòl kòmkwa li ta itilize mo deplase, li presize li te itilize yon langaj ki di, men li pat di sa moun di li te di a.