Lidè RDNP a Pwofesè Mirlande Manigat, eksprimye enkyetid li devan kriz politik la nan peyi a ki poko gen yon premye minis.
Madam Manigat pale pou l di li preyokipe pa sitiyasyon an e li raple ke li enpòtan pou gen negosyasyon ant prezidans lan ak palman ayisyen an. Li kontinye pou l di lè yon moun pa gen majorite nan palman an se negosye pou l negosye.
Klike sou flèch ki anlè atik la pou w tande Korespondan nou Rotchild François Junior ki gen deklarasyon ansyen kandida pou pòs prezidan an fè nan Pòtoprens.