Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Mande Minis Jistis Jeff Sessions Mete Fen nan Ankèt Mèt Robert Muller sou Larisi a


Minis Jistis Lèzetazini an, Jeff Sessions, ki t ap pale nan yon konferans pou laprès nan Washington, jedi 26 jiyè 2018 la. (Foto: AP/Alex Brandon).
Minis Jistis Lèzetazini an, Jeff Sessions, ki t ap pale nan yon konferans pou laprès nan Washington, jedi 26 jiyè 2018 la. (Foto: AP/Alex Brandon).

Prezidan ameriken an, Donald Trump, lanse yon apèl bay minis jistis la, Jeff Sessions, mèkredi premye out 2018 la pou mande l mete fen nan ankèt kriminèl pwokirè espesyal Robert Mueller ap mennen sou entèferans Larisi nan eleksyon prezidansyèl 2016 la. M. Trump lanse apèl sa menmsi, sa gen yon lane, minis la te deside retire kò l nan tout sipèvizyon sou ankèt la, paske pèsonèlman li te pran kontak tou avèk otorite Larisi yo.

Prezidan Trump fè konnen ankèt sa a, k ap fèt depi 14 mwa deja sou rapò ki ta genyen ant responsab kanpay elektoral li a avèk Larisi, se yon "sitiyasyon tèrib"; ansuit li pibliye sou kont Twiter li yon mesaj kote li di "Sessions ta dwe mete fen imedyatman nan chas-o-sosyè sa a ki plen twou vid ladan n, anvan ankèt la kontinye sal figi peyi nou an plis toujou."

Prezidan Trump (adwat), epi Pwokirè Mueller. (Konbinezon Foto: Premye out 2018).
Prezidan Trump (adwat), epi Pwokirè Mueller. (Konbinezon Foto: Premye out 2018).

Prezidan ameriken an ensiste pou l di: "Bob Mueler se yon nèg ki nan yon konfizyon total; e 17 Demokrat egri k ap fè travay sal li a pou li reprezante yon wont pou Lèzetazini d Amerik." https://twitter.com/realDonaldTrump/status/1024646945640525826.

Ankèt Mèt Mueller a ap kontinye e li pa gen yon dat-limit pou l pran fen, menmsi youn nan avoka Prezidan Trump yo, Mèt Rudolph Giuliani, te deklare pi bonè nan semèn nan li byen kapab fini mwa pwochen an, sa vle di kèk semèn anvan eleksyon palmantè ki pral dewoule atravè tout peyi a nan dat 6 novanm pwochen an.

XS
SM
MD
LG