Pre MSF (Medsen San Fwontyè) te anonse li pral fèmen 2 nan sant enpòtan li genyen nan Peyi d Ayiti (youn nan Dela epi lòt la nan Taba), direktè jeneral Depatman Sante Piblik ak Popilasyon an, Lauré Adrien, anonse yon plan ministè a genyen pou l anplwaye yon pòsyon nan pèsonèl MSF.
Misye Adrien ensiste pou l di etan done kantite pwofesyonèl MSPP deja genyen atravè peyi a, li pap ka absòbe yon afè 400 moun ki te aktif nan pwofesyon an e ki, san entèvansyon ministè a, te ka ale ogmante to chomaj la. DJ a di se anviwon mwatye nan total la ki ka reseva apèl otorite lasante yo pou yo kontinye mete sèvis yo a la dispozisyon popilasyn an.
Kike sou lyen anlè a pou w koute yon ekstrè nan deklarasyon Misye Adrien fè sou kesyon an nan jounen mèkredi 25 jiyè 2018 la.