Prezidan Federasyon Ayisyen Foutbòl la, Dr. Yves Jean-Bart, denonse agresyon li di jwè Seleksyon Nasyonal Foutbòl Ayiti a sibi nan peyi Jamayik kote yo te viktim yon tretman imilyan apre 2 nan jwè yo te teste pozitif pou malaria.
Ministè Lasante Jamayik la pibliye yon kominike kote li di li konfime genyen 3 ka malaria konfime nan mitan jwè ki gen mwenske 17 tan yo ki t ap patisipe nan yon konpetosyon rejyonal Konfederasyon Foutbòl Amerik Santral, Amerik di Nò ak Karayib la (Konkakaf).
Ministè a fè konnen genyen lòt manm seleksyon ayisyen an ki prezante sentòm maladi a. Ministè a di nan sikonstans sa a li te oblije rekòmande pou seleksyon Ayiti a pa patisipe nan tounwa a e pa konsekan yo te oblije retounen Ayiti.
Federasyon Ayisyen Foutbòl la, bò pati li enfòme Konkakaf fdepi madi ke Ayiti pap k patisipe nan konpetisyon an.
Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande entèvyou Jacques Jean-Baptist ak Dr. Jean Bart.