Accessibility links

Breaking News

3 Moun Blese Apre yon Avyon Tonbe epi Pran Dife nan Miami


Avyon RED Air sou pis aterisaj ayewopo entenasyonal Miami an, Mekredi 22 Jyen 2022. (Foto: koutwazi WPLG-TV)
Avyon RED Air sou pis aterisaj ayewopo entenasyonal Miami an, Mekredi 22 Jyen 2022. (Foto: koutwazi WPLG-TV)

Temwen yo di pasaje yo tap rele anmwe epi panike nan moman yon gwo avyon ki tap transpòte 126 moun te pran dife yon ti tan apre li ateri nan ayerwopò entènasyonal Miami an.

Pasaje Mauricio Davis di "moun tap kenbe chèz yo pou yo pa vire won." Epi pasaje Paola Garcia di li te kwè li tapral mouri.

Responsab ayewopò yo di vòl 203 RED Air la tap tounen Miami soti Santo Domingo, Repiblik Dominiken lè ekipman aterisaj la kraze. Se sa ki te lakòz dife pran nan nen avyon MD-82 a.

Gen 3 pasaje ki al lopital pou swaye blese yo. Komite Sekirite Transpò Nasyonal la di lap mennen ankèt sou ensidan sa a.

XS
SM
MD
LG