Ansyen prezidan peyi Bolivi a, Evo Morales, pran avyon pou peyi Meksik kote otorite yo ofri li azil. Minis Afè Etranjè meksiken an, Maracelo Erbrad, pibliye yon tweet avèk yon foto ki montre Misye Morales abò yon avyon fòzayeryèn Meksik la, avèk yon drapo meksiken sou janm li, pandan li t ap kite La Paz, kapital Bolivi a, nan sware yè lendi a. Nan menm tweet la, chèf diplomasi Meksikèn nan di -nap site: <<Misye Morales, lavi ou ak sekirite ou byen asire kounyela a."
Evo Morales te mande azil o Meksik kèk èdtan apre li te pran desizyon sanzatann pou l bay demisyon l dimanch pase a kòm reyaksyon ak gwo mouvman pwotestasyon rezilta eleksyon prezidansyèl mwa pase a te pwovoke. Aprè eleksyon an Misye Morales te deklare se li ki ranpòte laviktwa aprè rezilta pasyèl yo te montre li tap genyen pou l patisipe nan yon 2èm tou avèk ansyen prezidan Carlos Mesa, ki te rival prensipal li.
Byen ta nan jounen lendi 11 novanm nan, Misye Morales te pibliye yon tweet pou di li te sou wout pou Meksikk. Li te ajoute :
<<Mwen rekonesan pou ouvèti frè meksiken m yo fè pou yo ofri m azil pou yo pwoteje lavi mwen. Sa fè m mal pou m kite peyi m pou rezon politik; men mwen pral toujou kontinye panche m sou pwoblèm peyi a. Mwen gen pou m retounen anvan lontan; lè sa a m a genyen fòs ak enèji.>>
Lèzetazini aplodi pou demisyon Evo Moralez la e li rejte opinyon anpil peyi (pami yo genyen Meksik) ki di kòmkwa se yon koudeta ki fòse Morales kite pouvwa a. Prezidan Donald Trump pibliye yon deklarasyon kote li di li konsidere depa Morales la kòm "yon moman trè zenpòtan pou demokrasi nan Emisfè Oksidantal la. Apre preske 14 zan sou pouvwa a ak tantativ Moralès te fè sa pa gen lontan pou l pase sou tèt konstitisyon an ak volonte pèp la, depa li prezève demokrasi e pare chemen an pou pèp bolivyen an fè tande vwa li."