Accessibility links

Breaking News

Mondyal 2010: Faz Dechoukaj la Ap Kontinye


La Oland kalifye pou “quarts de final” (gwoup 8 ekip) nan Mondyal Afrik di Sid la apre viktwa 2 a 1 li ranpòte devan Slovaki lendi 28 Jen an. Slovak yo pat ka reziste devan machin Olandè a (Oranj Mekanik la) malgre efò yo te deplwaye. Slovak yo, ki te pran 2 gòl, te rive redui skò a sou penalite pandan arè de je yo. Olandè yo ap rankontre nan ka de final ak venkè rankont kap jwe pita nan jounen jodi a ant Brezil ak Chili.

Madi 29 Jen Paragwe kont Japon epi Espay kont Pòtigal. Venkè yo ap rankontre nan ka de final la, nan dat 2 ak 3 jiyè.Nan rankont 8yèm de final ki deja dewoule, Ghana te elimine Etazini samdi ak yon viktwa 2 a 1 apre pwolongasyon. Pwochen advèsè seleksyon afriken an se pral Urugwe ki elimine Kore di Sid ak yon viktwa 2 a 1 tou.

Dimanch 27 Jen an Almay wouze Angletè 4 a 1 nan yon rankont ki soulve anpil kòmantè apre abit urugweyen Jorge Larrionda te refize yon gòl Frank Lampard te make—yon gòl ki te kapab egalize rankont la nan moman Alman yo tap mennen 2 a 1.

Apre rankont la, FIFA pat pèdi tan pou l te ranfòse sekirite abit Jorge Larrionda ak Mauricio Espinosa pou erè a ki te kapab chanje rezilta rankont enpòtan sa a pou ekip Angle a. Gadyen alman an ki rekonèt balon an te gòl, di Almay tap toujou ranpòte rankont la. FIFA gen pou l deside si wi ou non ekip abitraj urugweyen an ap kontinye abitre rès konpetisyon an akoz Urugwe kalifye pou ka de final yo, pou evite yon konfli enterè.

Dimanch apre midi Ajantin, ki pat jwe yon bèl rankont, danse sou Meksik ak yon viktwa 3 a 1 e li pral rankontre Almay nan faz gwoup 8 la. Se va yon klasik ant yon jeyan sid-ameriken ak yon lòt ewopeyen. Konsènan viktwa Ajantin nan, te gen “hors jeu” sou premye gòl la—sa ki montre nesesite pou FIFA adopte teknoloji nan rankont enpòtan yo, sitou pou aksyon ki pase nan kare reparasyon an. FIFA poko deside si wi ou non l’ap adopte nouvo teknoloji a.

Antrenè seleksyon ameriken an, Bob Bradley, fè konnen mwa kap vini la a li pral diskite sou avni l ak federasyon foutbòl ameriken an. Prezidan federasyon an, Sunil Gulati, konfime nouvèl la. Msye Sunil di li pral diskite sou bon ak move aspè patisipasyon seleksyon etwale a nan koup di mond Afrik di Sid la, dapre jounal ameriken The Washington Post. Kontra antrenè Bob Bradley ap echi an desanm 2010.

Bò kote pa l antrenè seleksyon angle a, Italyen Fabio Capello, manifeste entansyon l pou l kontinye antrene seleksyon an malgre Angletè elimine nan 8yèm de final yo. Capello gen yon kontra ak federasyon foutbòl angle a kap bout an 2012, kidonk jiska koup ewopeyen an. Federasyon foutbòl angle a ap pran yon desizyon disi 2 semèn.

Antrenè seleksyon Sèb la, Radomir Antic, di li ta renmen kontinye antrene seleksyon an malgre Sèbi elimine nan premye tou koup di mond la akoz gòl diferans. Msye Antic kwè seleksyon sèb la te jwe ase byen pou pèmèt li kontinye nan pòs li pandan faz kalifikasyon Koup Ewòp 2012 la. Antrenè Radomir Antic gen 61 an. Sèb yo te kale Almay, men yo pèdi devan Ghana ak Ostrali nan group D a.

Responsab komite òganizatè koup di mond foutbòl feminen Almay 2011 la, Steffi Jones, pwomèt fanatik yo yon bèl konpetisyon. Responsab la deklare nan yon nòt-pou-laprès, 250 mil tikè ki deja vann eksplike entansyon fanatik yo pou yo vin asiste koup di mond la. Konpetisyon an ap dewoule soti 26 jen pou rive 17 jiyè nan 9 vil alman.

XS
SM
MD
LG