Accessibility links

Breaking News

Denye Jou Premye Faz Mondyal La


yon fanatik Brezilyen
yon fanatik Brezilyen

Espay ak Chili jwen 2 dènye tikè pou faz dechoukaj koup di mond Afrik di Sid la. Espayòl yo kalifye apre yo kale Chili 2 a 1 nan gwoup H la. La Swis fini an 3 zièm pozisyon ak 4 pwen apre match nul 0 a 0 li fè ak Onduras ki klase dènye nan gwoup la ak 1 pwen. Espay ak Chili fini ak 6 pwen yo chak men panyòl yo fini an premyè pozisyon akoz de gòl diferans. Brezil ak Pòtigal te déjà kalifye apre yo fè match nil 0 a 0 nan rankont ki jwe bonè nan gwoup G a. Brezil fini an premyè pozisyon nan gwoup la ak 7 pwen epi Pòtigal klase 2èm ak 5 pwen. Nan 2ièm rankont gwoup la Kot Divwa wouze Kore di Nò 3 a 0 pou l fini an 3 zièm pozisyon ak 4 pwen nan gwoup la devan nò Koreyen yo ki klase 4èm ak 0 pwen. Kot Divwa ak Kore di Nò elimine.

La Oland kalifye apre viktwa tou mens 2 a 1 li ranpòte devan Kameroun pou l fini nan tèt gwoup la ak 9 pwen. Kameroun fini ak 0 pwen nan gwoup E a. Japon jwenn tikè l apre viktwa sipriz 3 a 1 li ranpòte devan Danmak pou l fini ak 6 pwen devan Danwa yo ki fini ak an 3èm pozisyon ak 3 pwen.

Paragwe kalifye ansanm ak Slovaki pou 8èm de final la apre dènye rankont ki jwe nan gwoup F la. Paragweyen yo kalifye apre yo fè match nil 0 a 0 ak Nouvèl Zeland pou l fini an premyè pozisyon nan gwoup F la ak 5 pwen. Sipriz nan gwoup sa a se viktwa 3 a 2 Slovaki ranpòte devan Itali pou l fini 2èm ak 4 pwen. Nouvèl Zeland, ki elimine, klase 3èm ak 3 pwen. Itali, ki te ranpòte koup dimond 2006, fini nan ke kamyonèt la ak 2 pwen.

Nan 8èm de final la donk faz dechoukaj la —kap kòmanse samdi 26 Jwen, Urugwe kont Kore di Sid epi Lèzetazini pral rakontre,Gana ( nap raple Gana te elimine Etazini nan koup du mond ki te dewoule an Almay an 2006). Dimanch 27 jen Arjantin kont Meksik epi Langletè ap rankontre Almay nan yon dyèl ant 2 pwisans foutbòl Ewopeyen. Lendi 28 jen La Oland kont Slovaki epi Brezil kont Chili. Madi 29 Paragwe kont Japon epi Espay ap rankontre Pòtigal. Venkè yo ap kalifye pou kar de final la kap jwe 2 ak 3 Jiyè.

Sou bò pa l prezidan ameriken an Barack Obama, telefone jwè seleksyon ameriken an pou l konplimante yo pou bèl viktwa yo ranpòte devan Aljeri Mèkredi pase. Prezidan an di li espere ameriken yo ranpòte yon lòt viktwa pou yo kontinye vanse nan koup dimond la.

XS
SM
MD
LG