Accessibility links

Breaking News

Mondial : Eske Didier Drogba ap jwe nan match kont Pòtigal la demen?


Kaptèn ekip foutbòl Kot D’Ivwa a, Didier Drogba, pral deside si l' kapab jwe kont Pòtigal nan match demen an kèk èd tan sèlman anvan 2 ekip yo al rankontre nan premye match yo pou Koup Dimond la.

Jwè 32zan sa a te kase yon zo nan bra dwat li nan denye match amikal ekip la te jwe ak Japon nan peyi Lasuis 4 jen pase a. Li sot entrene de jou youn apre lòt ak ekip la aprè yon operasyon li te fè pou ranje bra a.

Daprè antrenè ekip la, Sven-Goran Eriksson, Drogba ap pran desizyon n' dezèdtan anvan rankont madi a kap fèt nan Port Elizabeth, Afrik di Sid.

Fòk FIFA apwouve kask pwoteksyon l gen nan bral la tou, o ka ou sa ta vin reprezante yon danje pou lòt jwè yo.

XS
SM
MD
LG