Ajans espyonaj ameriken yo demanti omwens youn nan teyori k ap sikile depi kèk tan deja sou pandemi kowonaviris la; ajans yo fè konnen prèv yo genyen a la dispozisyon yo montre se pa nan okenn laboratwa chinwa yo te kreye viris la. Sepandan otorite yo di yo toujou ap chache konnen si eklatman pandemi an, ki te kòmanse nan Lachin, se rezilta kontak ant kretyen-vivan avèk kek bèt oubyen si l se rezilta yon aksidan syantifik.
Majorite manm kominote sèvis sekrè ameriken an antann yo sou sa: yo jwenn yon konsansis syantifik elaji sou kesyon an kote yo di se pa lòm ki te fabrike viris ki pwovoke pandemi KOVID-19 la ni non plis tou se pa rezilta yon modifikasyon jenetik. Se sa nou jwenn nan yon deklarasyon piblik ki soti, jedi 30 avril 2020 an, nan biwo direktè Ajans Entèlijans Nasyonal la nan Washington; daprè deklarasyon an toujou, ankèt k ap fèt sou kesyon an ap kontinye e li ajoute:
“Tankou nou toujou fè sa pou chak kriz, espesyalis yo nan kominote sèvis espyonaj la te reyaji grasak anpil resous li mete a la dispozisyon ajan li yo e li pwodui enfòmasyon sekrè ki trèzenpòtan sou dosye ki esansyèl pou sekirite nasyonal Lèzetazini. Kominote sèvis espyonaj la pral kontinye egzaminen avèk rigè tout enfòmasyon k ap rive jwenn li sou dosye a pou l kapab detèmine si eklatman pandemi an se rezilta kontak lòm avèk bèt ki te enfekte, oubyen tou si se rezilta yon aksidan ki ta fèt nan yon laboratwa nan vil Wouhann.”
Wouhann se yon vil nan Peyi Lachin kote maladi kowonavris la te parèt pou la premyè fwa nan mwa desanm ane 2019 la.