Accessibility links

Breaking News

Sekretèdeta Hillary Clinton Kite New York-Presbyterian Hospital


Sekretèdeta Hillary Clinton, nan mitan, abò yon 4X4 nan Nouyòk mèkredi 2 janvye 2013 la
Sekretèdeta Hillary Clinton, nan mitan, abò yon 4X4 nan Nouyòk mèkredi 2 janvye 2013 la
Doktè bay Sekretèdeta ameriken Hillary Clinton egzeyàt apre 3 jou tretman nan yon lopital nan New York hospital kote li te anba siveyans espesyalis medikal apre yon egzamen te montre li genyen yon "ti boul san" nan tèt.

Mme.Clinton New York-Presbyterian Hospital mèkredi apre midi ansanm ak mari li, ansyen prezidan Bill Clinton e ak pitit fi yo, Chelsea.

Dapre yon kominike ofisyèl, ekip medikal chèf diplomasi Etazini an detèmine li fè "bon pwogrè nan tout sans" e li di doktè yo gen konfyans li pral "refè nèt", totalman.

Pandan jounen mèkredi a, Depatman Deta te fè konnen madam Clinton te pale nan telefòn ak kolaboratè l ki tap jere nan chanselri a politik etranjè peyi a pandan absans li. Sepandan, kominike ofisyèl la pa presize kilè Sekretèdeta a ap retounen Washington.

Clinton te antre lopital dimanch pase pou trete yon "caillot sang" medsen te dekouvri nan tèt-li apre yon "commotion cérébrale" nan tèt---rezilta yon tonbe nan mitan mwa desanm nan.

Pandan Sekretèdeta a tap repoze l lakay li akòz yon viris nan entesten, li te fè yon endispozisyon, tonbe e frape tèt li. Chèf Depatman Deta a (65 ans) pa parèt an piblik depi koumansman mwa desanm.
XS
SM
MD
LG