Accessibility links

Breaking News

Moniman Martin Luther King, Jr. nan Washington, DC: Onè-Respè San Parèy pou yon Nwa-Ameriken


Moniman Martin Luther King, Jr. nan Washington, DC: Onè-Respè San Parèy pou yon Nwa-Ameriken
Moniman Martin Luther King, Jr. nan Washington, DC: Onè-Respè San Parèy pou yon Nwa-Ameriken

Se yon dokimantè mwen te wè lè m te nan lekòl segondè Brockton High School, nan Eta Massachusetts, ki te prezante lavi ak eritaj Reveran Martin Luther King Jr. Jou sa a, ki te dat anivèsè nesans reveran an, pwofesè anglè mwen te pase yon dokimantè sou vi l.

Paske m te pase tout vi m ann Ayiti jiskela, mwen pa t konnen –ni m pat ka imajine- tout tribilasyon Nwa Ameriken yo (yo rele yo tou Afriken Ameriken) te eksperimante. An teyori batay kont rasism ak diskriminasyon te pran fen ann Ayiti sa gen 207 ans lè zansèt peyi a te batay pou pran endepandans yo e kreye yon nasyon.

Pandan 4 an mwen pase nan Brockton High School (ou Lise Brockton nan), mwen te aprann plis bagay sou kesyon rasism Ozetazini ak travay Reveran Pastè King te fè. Depi dat 22 out 2011 la, moun ki soti toupatou nan lemond debake sou sa yo rele nan Washington DC “The National Mall” –ki se pi gwo plas piblik nan kapital Lèzetazini an-- pou yo te asiste inogirasyon yon moniman ki selebre eritaj sèl moun --ki pa yon ansyen Prezidan ameriken-- ki gen estati li sou gwo plas piblik sa a; e li se yon nèg nwa.

Otorite yo te oblije ranvwaye inogirasyon sa a ki te gen pou dewoule nan dat 28 out 2011 la, akoz pasaj siklòn Irèn. Seremoni an ta pral raple plizyè milye moun ki te deja fè rezèvasyon otèl nan Washington, batay Martin Luther King Jr. te livre san vyolans pou l defann dwa tout sitwayen (nwa, amerendyen, azyatik, fanm, moun ki pale panyòl, anfen tout minorite yyo) nan youn nan peyi ki pi puisan e pi rich nan lemond la --nou ta ka tou dwa tout kretyen vivan sou latè.

Pou moun ki te patisipe nan batay MLK te mennen an, moman inogirasyon an (lè l va dewoule) va raple yo yon jou kote, sa gen 48 lane, Doktè King te fè yon diskou ki rete trè popilè e ki gen pou tit angle « I Have a Dream » – « Mwen gen yon Rèv. » Lè sa a plizyè milyon moun te rasanble nan Washington pou yo tande diskou sa a ki te pote lespwa ke yon jou tap gen chanjman nan lavi tout minorite.

Menm jan Toussaint Louverture te ouvri pòt la pou libète blayi sou peyi d Ayiti, Rev. Dr. Martin Luther King Jr. te pare wout la pou Barack Obama tounen premye nwa ameriken ki monte Prezidan Lèzetazini. Lè inogirasyon Moniman Martin Luther King Jr. nan va dewoule, plizyè moun pral reyini sou National Mall la e yo pral wè rezilta travay Dr. King nan Barack Obama, yon nwa ameriken ki kontinye pote sou zepòl li lespwa yon pi bèl avni pou tout ras, menm si pafwa travay la difisil anpil.

XS
SM
MD
LG