Accessibility links

Breaking News

Mitt Romney Ranpòte Primè Eta Michigan ak Arizona


(AP Photo/Gerald Herbert)
(AP Photo/Gerald Herbert)

Ozetazini, aprè kandida repibliken pou pòs prezidan an, Mitt Romney --yon ansyen gouvènè Eta Massachusetts- te pase plizyè semèn ap mennen kanpay nan 2 eta kote kous la te trè sere, li rive ranpòte laviktwa sou rival ki pi prè l nan kous la, an palan de yon ansyen senatè Eta Pennsilvani, Rick Santorum.

2 eta sa yo, Arizona ak Michigan, te òganize eleksyon primè yo nan jounen madi 28 fevriye 2012 la. Misye Romney se yon natif-natal Michigan e li rive evite yon defèt ki t ap di anpil pou li nan eta sa a, menm jan li kale Misye Santorum nan eta Arizona.

Aprè li te parèt klè se li menm ki venkè nan 2 eta yo. li te pale ak yon gwoup patizan pou l di :

"Mèsi Arizona, se yon gwo viktwa pou nou nan Arizona aswè a. E mèsi Michigan…. Ala yon gwo viktwa! Se yon gwo sware! Mèzi tout moun.”

Bò kote pa l, kandida Rick Santorum -ki te rele Mitt Romney pou li rekonèt defèt li-- kontinye prezante tèt li kòm yon veritab kandida konsèvatè ki, daprè sa li, pi byen plase pase lòt kandida yo pou l reprezante pati repibliken an. Li te pale ak patizan l yo aprè anons defèt li devan misye Romney pou l di :

"Nou genyen yon bon jan dosye kòm konsèvatè, non sèlman nan domèn swen sante a, men nan fason nou te atake gwo pwoblèm peyi nou an ap konfwonte yo."

Nan Eta Michigan ak Arizona, elektè repibliken yo fè konnen kèlkeswa moun yo apiye nan primè madi a, sa k konte pou yo se pou pati yo a chwazi yon kandida ki kapab bat Prezidan Barack Obama, kandida pati demokrat la, nan eleksyon prezidansyèl novanm 2012 la.

2 lòt kandida repibliken ki rete nan kous la --an palan de ansyen Prezidan Chanm dè Reprezantan an, Newt Gingrich, ak yon aktyèl depite Eta Tegzas, Ron Paul- fikse atansyon yo plis sou sa yo rele nan langaj elektoral la Ozetazini “Sipè Madi”, sètadi yon jou kote eleksyon primè pral dewoule nan 10 eta an menm tan; jou sa a se madi 6 mas kap vini la a.

XS
SM
MD
LG