Accessibility links

Breaking News

Etazini: Mitt Romney Pibliye Rapò Sou Taks Federal li


Mitt Romney peye pi piti lajan lontan pase kontribyab òdinè yo paske se nan envestisman li fè pifò lajan li
Mitt Romney peye pi piti lajan lontan pase kontribyab òdinè yo paske se nan envestisman li fè pifò lajan li

Kandida repibliken, Mitt Romney, pibliye rapò sou taks federal li ki montre li te fè plis pase 42 milyon dola pandan 2 ane ki pase yo e li te peye yon afè 6 milyon 200 mil dola taks.

Rapò a mete ansanm lajan Misye Romney ak madanm li, Ann te fè; se ekip kanpay Romney an ki pibliye li. Rapò a mete pousantaj taks li nan 13,9% an 2010, ak espwa pou l peye 15,4% an 2011.

Mitt Romney peye pi piti lajan lontan pase kontribyab òdinè yo paske se nan envestisman li fè pifò lajan li. Kontribyab òdinè yo peye jiska 35% taks.

XS
SM
MD
LG