Accessibility links

Breaking News

OEA Pibliye yon Nòt pou Laprès sou Eleksyon yo Nan Peyi Dayiti


Anbasadè Duly Brutus ak sekretè jeneral OEA a
José Miguel Insulza (foto achiv)
Anbasadè Duly Brutus ak sekretè jeneral OEA a José Miguel Insulza (foto achiv)

Nan yon nòt ki soti nan biwo Òganizasyon Eta Ameriken yo nan Washington, responsab yo fè konnen, ekspè òganizasyon an ki te vinn reyalize yon travay verifikasyon sou rezilta premye tou eleksyon prezidansyèl 28 novanm 2010, la ann Ayiti te renmèt rapò l bay gouvènman ayisyen an nan 13 janvye pase a .

Apre visit Sekretè Jeneral OEA a, Miguel Insulza, nan peyi Dayiti le 17 janvye , prezidan ayiyen an René Préval te renmèt rapò bay Konsè Elektoral Pwovizwa a. Rapò sa a genyen evaliasyon ak rekòmandasyon pou enstitisyon elektoral la .

Misyon sa a te gen ladann, espesyalis nan tabilasyon, statistik, analis enfòmasyon, teknisyen nan teknoloji ak kesyon eleksyon. Espesyalis sa yo ki te soti nan plizyè peyi tankou Kanada, Chili , Lafrans , Jamayik ak Etazini te travay soti 30 desanm 2010 pou rive 9 janvye 2011. Nan dokimen an ekspè rekòmande KEP a pou l emet a kote , gen 234 pwosè vèbal ki pa reponn ak kritè yo.

Rapò sa a ki fè yon pakèt rekòmandasyon sou transparans ki dwe genyen nan pwosè vèbal yo ak nan sant tabilasyon an presize, pi fò fwòd yo te dewoule nan jou 28 novanm nan. Dokiman an fè referans ak rekòmandasyon ki voye Mirlande Manigat (RDNP) ak Michel Martelly (Repons Peyizan) nan 2èm tou, kontrèman ak rezilta preliminè KEP a ki te bay Miralande Manigat ak kandida pati ki sou pou pouvwa a , INITE, an palan de Jude Celestin, 1e ak 2èm pozisyon.

Misyon OAS-CARICOM deplore le fèt ke rapò a te pran lari anvan yo te remèt li ofisyèlman bay otorite ayisyèn yo tankou sa te di nan « termes de référence » yo.

XS
SM
MD
LG