Accessibility links

Breaking News

Madam Mirlande Manigat Ak Misye Michel Martelly Prale Nan Dezyèm Tou


Madam Mirlande Manigat ak Mesye Michel Martelly
Madam Mirlande Manigat ak Mesye Michel Martelly

Dezyèm tou eleksyon Prezidansyèl ayisyen yo fikse pou 20 mas 2011 e yo pra l mete fas a fas kandida RDNP a (Rasanbleman Demokrat Nasyono Pwogresis) Madan Mirlande H. Manigat ak chantè popilè Michel Martelly, kandida Pati Repons Peyizan. Avèk pwoklamasyon rezilta definitif premye tou eleksyon 28 novanm ane pase a, Konsèy Elektoral Pwovizwa a, KEP, voye jete rezilta preliminè li te pibliye nan koumansman mwa desanm 2010 la, kote kandida Pati ki sou pouvwa a (Inite) Mr. Jude Célestin te fini dezyèm apre madan Manigat.

Selon anons li fè jedi 3 fevriye a vè 7 è edmi di maten (apre li fè tout nuit la ap fè tout popilasyon an ak près national e entènasyonal la tann nan yon klima tansyon) misye Célestin pa nan dezyèm tou a. Se misye Martelly ki te fini an twazyèm nan premye pwoklamasyon an ki pra l tope kòn li ak madan Manigat. (rezilta ofisyèl ki te dwe sòti mèkredi swa vè nevè di swa)

Deja, patizan chantè popilè kandida a koumanse ap kriye youn viktwa sou kandida RDNP a nan pwochen tou. Jiska 8 tè edmi jedi maten, situasyon an te kalm nan Pétion-Ville, katye rezidansyèl, alès kapital la kote KEP a te pibliye rezilta vòt la. Menm konsta a te fèt nan kapital la, Pòtoprens. Misye Célestin, ni patizan l yo poko reyaji.

Kanta pou Inite, nou pa konnen si l ap sòti yon deklarasyon piske se li ki te rekòmande pou kandida li a rale kò l nan kous la, apre rapò ekspè elektoral OEA yo (Òganizasyon Eta Ameriken) te mande pou Konsèy Elektoral la òganize dezyèm manch eleksyon an ak Madan Manigat e ak Misye Martelly.

Nan vòt ki fèt nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a pou deside sò misye Célestin nan dezyèm faz konpetisyon an, 3 manm enstitisyon an sou 9 te vote kont.

NB: Konsilte Sit Kreyòl Lavwadlamerik la nan jounen an pou lòt devlopman.

XS
SM
MD
LG