Rezilta preliminè eleksyon 28 novanm 2010 la Konsèy Elektoral pwovizwa Ayisyen an pibliye madi swa nan Pòtoprens, kapital Ayiti, montre Mirlande H. Manigat (RDNP) fini an premye devan 3 prensipal kandida sou 16 ki te nan kouss elektoral la.
Misye Jude Celestin, pati Inite ki sou pouvwa a ann Ayiti, fini nan dezyèm pozisyon. Michel Martelly, pati Repons Peyizan (21.84 %) ki te nan konpetisyon ak madan Manigat pou premye plas la, fini nan twazyèm plas la e l elimine nan kous la.
Nan yonj premye reyaksyon devan rezilta preliminè eleksyon an Konsèy Elektoral Pwovizwa a pibliye madi swa yo, anbasad ameriken an nan Pòtoprens di piblikasyon rezilta yo ba li kè sote. " Menm jan ak anpil lòt sektè, rezilta preliminè eleksyon nasyonal 28 novanm yo Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) anonse a, ki pa korresponn ak rezilta Konsèy Nasyonal Obsèvasyon Elektoral la ki te deplwaye 5 mil 500 obsèvatè e ki te suiv kontaj nan mil 600 biwo vòt atravè peyi a, mete sou obsèvasyon reprezantan ameriken CEP a te bay otorizasyon, plis lòt obsèvatè nasyonal e entènasyonal ki te suiv kontaj yo toupatou atravè peyi a, piblikasyon rezilta sa yo ba li kè kase.
Lèzetazini, dapre nòt anbasad ameriken an, ap pote-kole pou kore demokrasi ann Ayiti e li lanse apèl bay gouvènman Ayiti a, CEP a e ak tout fòs politik yo pou yo fè yon fason pou volonte pèp la reflete kou miwadèzanj nan rezilta eleksyon yo.
Pèp ayisyen an t ap tann ak anpil kè sote piblikasyon rezilta preliminè sa yo. Madi apre midi anpil moun t ap prese rantre lakay yo nan sa ki sanble yon mache-prese nan kapital la, Pòtoprens.
Temwen ki sou plas fè Lavwadlamerik konnen se yon atmosfè 12 janvye 2010 ki te genyen toupatou atravè vil la, kote yon bon pati nan popilasyon an krenn derapaj, alevwa dezòd ak vyolans apre piblikasyon rezilta yo.
Kounye a, Madam Manigat pral afwonte misye Celestin, kandida Pati Inite nan yon dezyèm tou ki fikse pou dezyèm semèn mwa janvye 2011 la apre peryòd kontestasyon an, si ap genyen kontestasyon.