Accessibility links

Breaking News

MINUSTAH Lanse yon Kanpay pou l Ede Òfelina yo Enskri nan Biwo Leta Ayisyen


Kolonèl Victor Nuñez ap pentire figi timoun nan jounen rekreyasyon nan baz MINUSTAH nan Pòtoprens.
Kolonèl Victor Nuñez ap pentire figi timoun nan jounen rekreyasyon nan baz MINUSTAH nan Pòtoprens.

Misyon Nasyonzini pou estabilizasyon ann Ayiti a (MINUSTAH) lanse yon inisyativ ki kòmanse depi 1er septanm 2010 pou ede òfelina yo enskri byen vit nan biwo gouvènman ayisyen an, yon fason pou jwenn sètifikasyon yo.

Premye kote MINUSTAH demare pwosesis sa a, se nan yon òfelina ki rele « Foyer Renovation d’Haiti » ki nan Thomassin.

MINUSTAH ap travay men-nan-men ak UNICEF e OCHA (Ofis pou Koòdinasyon afè Imanitè yo) pou reyalize kanpay sila. Kolonèl Victor Nuñez di Lavwadlamerik objetikf pwogram pou ede òfelina yo enskri a se pou pwoteje timoun ayisyen yo.

Kolonèl Nuñez di objektif prensipal kalte aktivite sa yo se pou ede evite yon seri zak ilegal, tankou trafik timoun ak adopsyon ilegal timoun.

Sou kesyon ki gen rapò ak transpò timoun nan repiblik dominikèn nan, Kolonèl la di se yon bagay ki te pwovoke gwo enkyetid, non sèlman bò kote gouvènman ayisyen an ak UNICEF, men tou bò kote pèsonèl militè MINUSTAH a.

Kolonèl la kontinye pou l di: "N ap travay an kolaborasyon ak kèk òfelina pou chèche pwoteje timoun yo, paske nou kwè ke yo se gwoup ki pi vilnerab ann Ayiti. Donk, objektif pwogram MINUSTAH lanse pou ede òfelina yo enskri nan leta ayisyen an se pou pwoteje timoun yo pou yo pa viktim anba aktivite ilegal. »

Kolonèl Victor Nuñez ap jwe domino ak kèk timoun nan yon òfelina ki rele « Centre Chretien de l' Enfant Haitien » nan Delmas 65
Kolonèl Victor Nuñez ap jwe domino ak kèk timoun nan yon òfelina ki rele « Centre Chretien de l' Enfant Haitien » nan Delmas 65


Kolonèl Victor Nuñez ajoute ke Minustah pral travay avèk tout òfelina ki enskri yo e sa vle di timoun ki nan òfelina sa yo pral benefisye sipò avèk asistans medikal.

“N ap esye bay òfelina ki enskri yo kèk sipò an patikilye ki pral pwodwi benefis reyèl pou yo. Nou pral enskri timoun ki nan òfelina sa yo, e n ap mennen ekip medikal al kontwole eta sante timoun yo e n ap bay yo medikaman ki nesesè. Donk, n ap ba yo asistans medikal."

Aprè yon òfelina finn enskri nan biwo leta Ayisyen, MINUSTAH parèt ak yon sistèm ki pral ede yo swiv tras chak timoun ki enskri depi jou timoun nan antre nan òfelina a. Nan kad pwogram sa a, anviwon 8.600 gadyen lapè MINUSTAH yo ki sòti nan 19 peyi ap delivre manje ak dlo chak semèn nan plizyè òfelina ki enskri a travè peyi Dayiti, sòti Cap-Haitien pou rive Port-Salut.

Lt. Cmdr. U.S. Navy Karen E. Eifert ede koòdone entèvyou ak Kolonèl Victor Nuñez la.

Klike sou lyen anlè e adwat atik sa a pou w koute entèvyou Colonel Victor Nuñez la nan mikro Ronald César.

XS
SM
MD
LG