Accessibility links

Breaking News

Minis William Barr Plenyen de Kèk Tweet Prezidan Trump Ekri Konsènan Depatman Jistis la


Prezidan ameriken Donald Trump, agoch ak minis jistis la Willima Barr.
Prezidan ameriken Donald Trump, agoch ak minis jistis la Willima Barr.

Minis jistis Etazini an, William Barr fè konnen tweet Prezidan Trump ap voye konsènan depatman jistis la, moun kap travay ladann ak dosye depatman an ap jere a rann ni enposib pou l fè travay li korekteman.

Deklarasyon sa a tonbe tankou yon sipriz jedi 13 fevriye 2020 an di fèt ke li soti nan bouch youn nan alye pi solid lidè ameriken an genyen. Misye Barr fè deklarasyon sa a kèk jou sèlman apre ministè lap dirije a pase anba pye rekòmandasyon pwòp pwokirè li yo te fè ebmande yon santans ki lejè pou akize Roger Stone ki se zanmi Prezidan Trump depi lontan.

Misye Stone te jwenn kondanasyon ni poutèt li te bay Kongrè a manti, fè menas sou temwen e anpeche la jistis amerikenn fè travay li nan kad ankèt ki tap fèt pou enjerans Larisi nan eleksyon 2016 la.

XS
SM
MD
LG