Accessibility links

Breaking News

Minis Finans Grand Bretay la Bay Demisyon nan Moman Premye Minis Boris Jonson Ap Reòganize Kabinè l


Sajid javid, minis finans demisyonè Grand Bretay la.
Sajid javid, minis finans demisyonè Grand Bretay la.

Minis Finans Grand Bretay Sajid Javid anonse demisyon l jedi 13 fevriye 2020 an, yon devlopman ki parèt sanzatann nan moman Premye minis Boris Johnson ap reòganize kabinè li.

Demisyon Misye Javid la fini apre nouvèl ki pale de tansyon ant li menm ak prensipal konseye Misye Johnson nan, Dominic Cummings.

Misye Javid ki gen 50 lane, yon ansyen bankye ki antre nan politik, deklare nan premye diskou li ke eksperyans li kòm bankye te prepare l pou l tounen politisyen paske piblik la pa renmen okenn nan 2 pwofesyon sa yo.

XS
SM
MD
LG