Accessibility links

Breaking News

Minis Ekonomi Ajantin nan Bay Demisyon'l


Foto Achiv: Minis Ekonomi Ajantin Martin Guzman devan Fon Monete Entenasyonal la, FMI, nan Washington, 21 Avril 2022.
Foto Achiv: Minis Ekonomi Ajantin Martin Guzman devan Fon Monete Entenasyonal la, FMI, nan Washington, 21 Avril 2022.

Minis Ekonomi Ajantin nan demisyonen sanzatan nan fen yon semèn kote peso a te plonje desann nan nivo pi ba li janm rive kont dola Ameriken an e chofè kamyon yo te fè fas ak rate gaz dizèl.

Martin Guzman anonse Samdi sou Twitter ke li voye yon lèt demisyon ki gen plizyè paj bay Prezidan Alberto Fernandez.

Valè peso Ajanten an plonje desann nan moman peyi ap fè fas ak enflasyon men wotè.

Pri pwodwi yo ogmante prèske 30% ane sa a e analis yo predi enflasyon an taka ogmante pi plis pase 70% an 2022.

Grèv chofè kamyon yo gen move konsekans sou aktivite ekonomik yo - pami yo livrezon ble ak lòt sereyal ki se youn nan prensipal pwodui Ajantin ekspòte.

XS
SM
MD
LG